U.S. flag

An official website of the United States government

Government Website

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Safely connect using HTTPS

Secure .gov websites use HTTPS
A lock () or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Breadcrumb

  1. Home
  2. News
  3. Press Releases
  4. DHS Kontinye ap Prepare pou Fen Tit 42 a; Li Anonse Nouvo Mezi pou Kontwole Fontyè a ak Pwosesis Sekiritè epi Òdone Anplis

DHS Kontinye ap Prepare pou Fen Tit 42 a; Li Anonse Nouvo Mezi pou Kontwole Fontyè a ak Pwosesis Sekiritè epi Òdone Anplis

WASHINGTON – Depatman Sekirite Enteryè a (DHS) kontinye ap prepare pou fen òdonans sante piblik Tit 42 a, ki konsène plizyè òdonans jidisyè aktyèlman, epi pou moman yo ap rekòmanse pwosesis pou tout moun ki pa sitwayen yo selon otorite Tit 8 imigrasyon Depatman an. Pou rezon sa a, jodi a DHS anonse yon seri nouvo mezi pou kontwole fontyè a nan objektif pou amelyore sekirite fontyè a, limite migrasyon ilegal la, epi kreye plis pwosesis sekiritè epi òdone pou pèmèt moun ki ap kouri pou kriz imanitè yo antre legalman nan peyi Etazini. Mezi yo pran nan tèt ansanm sa yo, se yon seri etap solid pou ranfòse sekirite sou fontyè nou yo pandan òdonans sante piblik Tit 42 a anplas, epi DHS ap kontinye travay nan objektif pou prepare moman yo ap leve òdonans Tit 42 a. 

  • DHS ap etabli yon seri nouvo pwosesis liberasyon sou kondisyon pou Kiben, Ayisyen, ak Nikaragweyen yo, ki baze sou modèl pwosesis ki byen mache pou Venezyelyen ak Ikrenyen yo, ki asosye chemen ki sekiritè, òdone, epi legal pou antre Etazini, tankou otorizasyon pou travay, epi gwo konsekans pou moun ki pa itilize chemen sa yo. Epitou, nou ap kontinye pwosesis la pou Venezyelyen yo. 
  • Grasa aplikasyon CBP One lan, nou ofri yon nouvo mekanis tou pou pèmèt moun ki pa sitwayen yo pwograme randevou pou yo ale nan pò antre yo, sa ki ap fè li fasil pou antre yo fèt an sekirite epi nan lòd. Toudabò, yo ap itilize mekanis sa a pou moun ki ap chèche jwenn yon egzanpsyon pou òdonans sante piblik Tit 42 a. Kou òdonans Tit 42 a leve, yo ap itilize CBP One pou yo kapab sèten pwosesis nan pò antre yo ap fèt an sekirite epi nan lòd. 
  • DHS ap ogmante epi ranfòse mwayen pou ekspilsyon akselere a sou baz otorite Tit 8 la, pou moun yo pa kapab trete sou baz òdonans sante piblik Tit 42 a. Efò sa yo mande pou yo ogmante manm pèsonèl la ak resous yo epi enskri yon seri moun nan kad dènye règ pwovizwa pou trete demann azil yo, ki te pibliye an Mas 2022.   
  • Anplis efò sa yo, epi pou reyaji devan ogmantasyon ki potko janm genyen nan kesyon imigrasyon nan emisfè a, epi pou diminye rankont ki genyen sou fontyè nou yo, DHS ak Depatman Jistis la (DOJ) gen entasyon pibliye, nan yon tan tou kout, yon règ yo pwopoze ki ap, piblik la kapab kòmante li, ankouraje yo itilize nouvo pwosesis legal la ak sa ki la deja ki disponib nan peyi Etazini ak nasyon ki patnè li yo, epi yo ap tabli kèk kondisyon kalifikasyon pou azil pou moun ki pa fè sa yo.  

DHS ap kontinye suiv fason sitiyasyon yo ap evolye sou fontyè sidwès la epi li ap akselere oswa mete yon seri mezi anplis sou pye, si sa nesesè, pou fè yo respekte lòd jidisyè ki aplikab yo. 

Men sa Sekretè Alejandro N. Mayorkas te deklare: “Nou kapab bay èd imanitè selon valè nou yo, elimine òganizasyon mechan ki ap fè moun pase yo, epi fè yo respekte lwa nou yo.” “Nou ap ekspilse oswa voye tounen san pèdi tan, tout moun ki pa gen okenn baz legal pou rete nan peyi Etazini yo. Moun ki chèche yon chemen ki sekiritè, òdone, epi legal pou antre Etazini yo gen mwens chans pou riske lavi yo nan vwayaje sou distans plizyè mil avèk yon seri moun mechan ki ap fè moun pase, apresa pou yo rive sou fontyè sid nou an epi sibi konsekans jiridik akoz antre ilegal la.” 

Jan yo egzije sa nan yon konbinezon òdonans Lakou Siprèm nan te pran nan dat 27 Desanm ak nan yon enjonksyon separe yon tribinal distri te pran pou entèdi fen CDC pou òdonans sante piblik Tit 42 a, òdonans Tit 42 a ap rete an fonksyon, epi yo ap kontinye voye moun ki ap eseye antre nan peyi Etazini san otorizasyon yo tounen. 

Pwosesis Aplikasyon Byen Presi pou Peyi yo 

Sou baz siksè pwogram Nou Ini pou Ikrèn ak pwosesis pou Venezyelyen yo te anonse nan mwa Oktòb la – ki konbine yon chemen sekiritè epi ki legal ak konsekans pou moun ki pa itilize chemen sa a – anons jodi a etabli yon seri pwosesis menm jan an pou resòtisan Kiben, Ayisyen, ak Nikaragweyen, ki ap rankontre yon seri difikilte san parèy nan peyi yo soti a.Pwosesis pou Venezyelyen yo ap kontinye tou; Patwouy ki fèt sou Fontyè a montre aktivite yo bese anpil – 90 pousan – nan kantite Venezyelyen yo rankontre sou fontyè a apre pwogram nan te fin tabli nan mwa Oktòb la. Yo ap ekspilse oswa voye tounen nan peyi Meksik resòtisan ki soti Venezyela, Kiba, Ayiti, ak Nikaragwa ki pa itilize pwosesis sa a, ki ap eseye antre nan peyi Etazini san otorizasyon, epi ki pa kapab etabli yon baz legal pou yo rete; peyi Meksik ap aksepte resevwa 30,000 moun ki pa itilize nouvo chemen sa yo chak mwa. Elajisman pwosesis Venezyela pou Kiba, Ayiti, ak Nikaragwa a gen rapò ak volonte Gouvènman peyi Meksik la genyen pou aksepte yo voye tounen oswa ekspilse resòtisan peyi sa yo. Epitou, li konsène yon demann Gouvènman peyi Meksik la te fè pou pèmèt migran yo jwenn plis chemen legal, epi li nan enterè toulede peyi yo paske li abòde efè sa genyen nan tout emisfè a anrapò ak fason kondisyon yo ap deteryore nan peyi sa yo. 

Pwosesis sa a ap sitou bay resòtisan kalifye ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela yo yon mwayen legal epi ki senp pou yo fè demann pou antre nan peyi Etazini, san yo pa obliye fè vwayaj danjere pou yo vin sou fontyè a. Pa mwayen yon pwosesis ki anliy, moun yo kapab mande otorizayon alavans pou yo vwayaje vini nan peyi Etazini epi yo ap konsidere yo, sou yon baz ka pa ka, pou liberasyon sou kondisyon tanporè jiska de (2) lane, san wete yon otorizasyon pou travay, akondisyon yo: pase yon tès depistaj ak filtraj biyometrik epi biyografik ki rèd anpil pou kesyon sekirite nasyonal ak sekirite piblik, pou yo gen yon sipò nan peyi Etazini ki pran angajman pou soutni yo nan domèn finansyè ak lòt bagay; epi pou yo respekte tout kondisyon vaksinasyon ak lòt egzijans sante piblik yo. An jeneral, moun ki antre nan peyi Etazini, Meksik, oswa Panama san otorizasyon apre anons ki fèt jodi a, p ap kalifye pou pwosesis sa yo. Pwosesis sa yo ap pèmèt jiske 30,000 resòtisan pa mwa, ki kalifye epi ki soti nan kat (4) peyi sa yo, rezide legalman nan peyi Etazini pandan de (2) lane epi pou yo resevwa otorizasyon pou travay nan peyi a pandan peryòd sa a.  

Apati demen, moun ki vle bay sipò yo kapab aplike nan DHS pou soutni moun ki kalifye yo, sou www.uscis.gov/CHNV. Moun ak reprezantan òganizasyon ki ap chèche aplike antanke moun ki ap bay sipò yo dwe deklare sipò yo nan domèn finansyè, epi yo dwe pase kontwòl sekirite a pou yo pwoteje tèt yo kont eksplwatasyon ak abi. 

Pwosesis Sekiritè epi ki Òdone nan Pò Antre yo 

Pou fè li pi fasil pou moun ki pa sitwayen ki ap chèche jwenn egzanpsyon pou òdonans sante piblik Tit 42 a rive yon fason ki sekirize epi òdone, DHS ap elaji itilizasyon aplikasyon mobil CBP One nan pou moun ki pa sitwayen yo yon fason pou yo pwograme lè yo ap rive nan pò antre yo. Moun yo pa bezwen la sou fontyè a pou yo pran randevou; lefètke yo elaji aksè nan aplikasyon an nan Mitan Meksik, se pou dekouraje moun ki pa sitwayen yo vin rasanble toupre fontyè a nan kondisyon ki pa sekiritè. Nan yon premye tan, nouvo fonksyon pou pwogramasyon sa a ap pèmèt moun ki pa sitwayen yo fikse dat ak kote pou yo vini nan yon pò antre pou mande yon egzanpsyon pou òdonans sante piblik Tit 42 a pou rezon imanitè, sou baz yon evalyasyon endividyèl pou vilnerabilite. Fonksyon sa a ap ranplase pwosesis ki la aktyèlman an pou moun ki ap mande egzanpsyon pou òdonans sante piblik Tit 42 a, ki oblije moun ki pa sitwayen yo soumèt demann yo a pa mwayen yon seri òganizasyon ki twouve yo toupre fontyè a. 

Kou òdonans sante piblik Tit 42 a leve, mekanis pwogramasyon sa a ap disponib pou moun ki pa sitwayen yo, san wete moun ki ap chèche mande azil yo, yon fason pou yo pwograme yo lè pou yo prezante nan yon pò antre pou enspeksyon ak pwosesis yo, olye yo vini san anonse nan yon pò antre oswa yo eseye travèse ant de (2) pò antre. An jeneral, moun ki itilize pwosesis sa a p ap kalifye pou jwenn otorizasyon pou yo travay nan peryòd yo otorize yo rete a.     

Moun ki itilize aplikasyon CBP One yo kapab pran yon randevou pou yo vini nan pò antre ki vin apre yo:   

  • Arizona: Nogales, 
  • Texas: Brownsville, Hidalgo, Laredo, Eagle Pass, ak El Paso (Paso Del Norte); epi 
  • California: Calexico ak San Ysidro (Pedestrian West – El Chaparral).  

Pandan pwosesis enspeksyon yo a, moun ki pa sitwayen yo dwe montre vèbalman estati vaksinasyon yo kont COVID-19 la, epi yo dwe bay, si yo mande sa, yon prèv vaksinasyon kont COVID-19 la selon egzijans vaksinasyon Tit 19 la. 

Moun yo ap kapab pwograme randevou nan CBP One nan jou ki ap vini yo. Yo kapab telechaje aplikasyon CBP One nan gratis epi li disponib nan Apple ak Google App Stores epitou nan https://www.cbp.gov/about/mobile-apps-directory/cbpone

Ogmantasyon Pwosedi Ekspilsyon Akselere a 

Nou ap respekte desizyon jidisyè yo ki oblije nou kontinye respekte òdonans sante piblik Tit 42 a. Sepandan, gen kèk migran nou p ap kapab ekspilse sou baz otorite Tit 42 a, kòm rezilta, nou ap trete yo sou baz otorite Tit 8 la. Pou moun yo trete sou baz Tit 8 la, nou ap ogmante epi amelyore pwosedi ekspilsyon akselere a, sa ki ap pèmèt nou ekspilse san pèdi tan, moun ki pa fè reklamasyon ki montre yo pè sibi pèsekisyon oswa maltrete yo, oswa moun yo detèmine ki pa pè yon bagay vre, apre yo fin fè entèvyou ak yon Ajan Azil, selon pwosedi ki etabli yo.  

Nan pwosesis ekspilsyon akselere ki amelyore a, ap gen: etabli plis resous tankou manm pèsonèl, transpò, ak enstalasyon; ogmante pwosesis la anndan DHS ak DOJ; epi travay ansanm ak Depatman Eta a epi peyi ki nan rejyon an pou ogmante raptriman an. Epitou, nou ap kontinye trete moun yo nan kad dènye règ pwovizwa ki te pibliye nan mwa Mas 2022 a, ki dekri pwosedi tretman Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an pou demann azil pou moun ki pa sitwayen ki montre yo pè toutbon yo. Mezi sa yo mete ansanm, ap pèmèt yo ekspilse moun ki pa gen yon baz legal pou rete yo pi vit epi yo ap pèmèt nou amelyore preparasyon jeneral nou yo pou lè yo leve òdonans sante piblik Tit 42 a. Moun yo ekspilse sou baz Tit 8 la gen entèdiksyon pou antre sou teritwa a pandan senk (5) lane epi yo kapab sibi pousuit penal si yo eseye tounen.  

Avi sou Pwopozisyon Règlemantasyon 

Anplis efò sa yo, epi pou reyaji devan ogmantasyon ki potko janm genyen nan kesyon migrasyon nan emisfè a, epi pou diminye rankont yo sou fontyè nou an, DHS ak DOJ vle pibliye yon pwopozisyon règ pou montre yo ap soumèt moun ki pa respekte chemen ki disponib epi yo etabli pou migrasyon legal la, epi ki pa chèche jwenn pwoteksyon nan yon peyi kote yo te pase pou antre nan peyi Etazini yo, anba yon prezonpsyon san revokasyon ki montre yo pa kalifye pou jwenn azil Ozetazini, sof si yo respekte yon seri egzanpsyon byen presi yo ap bay. Yo ap ekspilse san pèdi tan, tout moun ki pa kapab fè yon demann pwoteksyon ki valab selon prensip ki etabli nan nouvo règ la, sou baz otorite Tit 8 la, ki gen entèdiksyon pou retounen ankò pandan senk (5) lane. DHS ak DOJ ap envite piblik la fè kòmantè sou règ yo pwopoze a. 

Antou, pa mwayen anons ki fèt jodi a, DHS ap ranfòse disponiblite chemen legal epi ki òdone pou antre Etazini yo pandan li ap enpoze konsekans pou moun ki pa itilize chemen peyi Etazini ak patnè li gen nan rejyon an mete disponib pou yo a.  

Nouvo mezi sa yo vin konplete efò ki ap fèt aktyèlman pou ogmante relokalizasyon refijye yo nan emisfè oksidantal la. Gouvènman Ameriken an gen entansyon akeyi omwen 20,000 refijye ki soti nan Amerik Latin ak Karayib la pandan Ane Fiskal 2023 ak 2024 la, sa ki ap pèmèt Etazini plis pase triple kantite refijye ki soti nan Emisfè Oksidantal la pandan sèl Ane Fiskal sa a. Mezi sa a reponn angajman Prezidan an te pran nan kad Deklarasyon Los Angeles sou Migrasyon ak Pwoteksyon an pou ogmante posibilite pou refijye ki soti nan Emisfè Oksidantal la antre nan peyi a.  

Efò sa yo met ansanm ap pèmèt: yo redui migrasyon ilegal la, lè yo konvenk migran yo pou yo pa fè vwayaj danjere sa a pou vini sou fontyè sidwès Etazini yo epi pou eseye travèse san otorizasyon; elaji chemen legal pou antre Etazini yo byen laj pou moun yo kontwole yo; epi diminye wòl – ak pwofi – rezo moun ki ap fè moun pase fontyè a ki vrèman mete lavi migran yo an danje pou pwofi pèsonèl yo.  

Depatman an pran mezi sa yo akoz Kongrè a pa rive adopte mezi refòm global sou kesyon imigrasyon Prezidan Biden te pwopoze nan premye jou manda li a epi akoz enstabilite ekonomik ak politik ki genyen nan monn nan ki ogmante nivo migrasyon an yon fason ki pi wo depi Dezyèm Gè Mondyal la, sitou nan Emisfè Oksidantal la. Kesyon migrasyon mondyal la ki pa sispann ogmante ap pase sistèm imigrasyon anpil peyi anba eprèv, san wete pa Etazini an. Mezi yo anonse jodi a antre nan kad angajman Administrasyon Biden-Harris la kontinye ap pran pou fè respekte lwa nou yo epi pou konstwi yon sistèm imigrasyon ki jis, òdone epi ki imen, epi li chita sou efò yo dekri nan dokiman Depatman an pou Desanm 2022 a Update on Southwest Border Security and Preparedness. Epitou, anons jodi a montre li vrèman enpòtan pou peyi ki patnè yo travay ansanm, jan yo te mande sa nan Deklarasyon Los Angeles la apre Somè Amerik la, pou yo pran mezi kont moun ki ap fè lòt moun pase fontyè yo epi pou pwoteje moun ki ap mande azil yo. Pwoblèm ki gen nan emisfè a mande pou se emisfè a ki rezoud yo.  

Tout moun dakò pou di nou ap evolye nan yon sistèm imigrasyon fondamantal ki gen defo. Mezi nou pran yo montre limit ki gen nan estati ki pase mòd nou yo, yon seri estati yo pa mete ajou depi plizyè dizèn ane epi ki te kreye pou jere yon reyalite migrasyon fondamantal ki diferan ak sa ki egziste jodi a toutolon fontyè sidwès la epi toupatou nan monn nan. Jan li ap fè sa depi nan premye jou li antre an fonksyon an, Administrasyon Biden-Harris la kontinye mande Kongrè a adopte yon lwa pou ranfòse sekirite sou fontyè yo, pou atake rasin ki lakoz migrasyon an yon fason global, epi pou amelyore chemen legal yo. Epitou, nou ankouraje Kongrè a pou li bay finansman esansyèl epi pou avanse efò toude pati yo ap fè pou kreye yon sistèm azil ki jis, rapid epi ki fonksyonèl –sa ki ap pèmèt moun ki merite pwoteksyon yo jwenn li byen rapid, epi ekspilse moun ki pa bezwen pwoteksyon yo san pèdi tan. Piske pa gen yon aksyon konsa ki fèt, Administrasyon an pran angajman pou itilize tout chemen otorite li a pèmèt pou sekirize fontyè nou yo, fè yo respekte lwa nou yo epi rete fidèl ak valè nou yo pandan nou ap konstwi yon seri pwosesis sekiritè, òdone, epi ki imen. 

### 

Last Updated: 01/10/2023
Was this page helpful?
This page was not helpful because the content