U.S. flag

An official website of the United States government

Government Website

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Safely connect using HTTPS

Secure .gov websites use HTTPS
A lock () or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Breadcrumb

  1. Home
  2. News
  3. Press Releases
  4. Deklarasyon DHS sou Sekirite ak Ranfòsman Siklòn Hilary

Deklarasyon DHS sou Sekirite ak Ranfòsman Siklòn Hilary

Dat Piblikasyon:19 Out 2023

Depatman Sekirite Enteryè a ap travay ak patnè federal, eta, lokal ak non-gouvènmantal pou sipòte bezwen zòn ki kapab frape ak Siklòn Hilary.

Lakoz sikonstans sa yo, Imigrasyon ak Kontwòl Dwanye Etazini ak Ladwan ak Pwoteksyon fontye Etazini (CBP) ap raple piblik la espas pou ijans ak sekou yo se zòn ki sekirize yo ye. Nan tout mezi ki posib, ICE ak CBP pa mennen aktivite pou aplikasyon lwa sou imigrasyon nan zòn pwoteje yo tankou wout evakyasyon yo, espas yo itilize pou abrite oswa distribisyon founiti ijans, manje oswa dlo, oswa espas pou anrejistre pou èd ki lye ak katastwòf la oswa reyinifikasyon fanmi ak moun ki pwòch.

Sou demann FEMA oswa lokal ak otorite eta yo, ICE ak CBP kapab ede nan rechèch ak sovtaj, kowòdinasyon pou ede redui risk dega gras ak mwayen transpò ayeryen ak misyon sekirite piblik. ICE ak CBP bay asistans ijans ak tout moun san gade sou estati imigrasyon yo. Ofisèel DHS yo pa p epi pa p gen pou fè tèt yo pase pou moun ki ap bay enfòmasyon ki gen pou wè ak ijans kòm aktivite pou ranfòseman lalwa.

DHS angaje l pou asire tout moun ki ap chèche abri, èd oswa asistans lakoz Siklòn Hilary a kapab jwenn san gade sou estati imigrasyon yo. DHS pote misyon l san fè diskriminasyon ki baze sou ras, relijyon sèks, oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl, orijin nasyonal, orijin etnik, andikap, oswa asosiyasyon politik, nan respè lwa ak politik

Pou plis enfòmasyon pou depoze yon plent nan Biwo DHS pou Dwa Sivil ak Libète Sivil sou kesyon sa, tanpri ale sou https://www/dhs.gov/file-civil-rights-complaint. 

Last Updated: 08/23/2023
Was this page helpful?
This page was not helpful because the content